Jodia, nan lemonn, gen twop fanm, twop gason, Twop timoun ki pa konte pou anyen
Jodia, nan lemonn, gen twop fanm, twop gason, twop timoun ki pa konte pou anyen
«Pa konnen Dwa moun oswa pase l anba pye, lakòz anpil aksyon krazebrize ». [...]
Yo pwoklame « pi bèl rèv lezòm ta genyen, se pou yo ta rive fè yon jou, toupatou nan lemonn, moun ka gen libète pou yo pale, pou yo kwè, san soufrans pèsekisyon ak chenn lamizè pa entrave yo».
Nan dat 17 òktòb 1987, sous
konvokasyon Joseph Wresinski,
defansè Dwa Moun ki konnen
lamizè se yon eskandal epi ki
konnen sa lamizè ye, te sòti nan
plizyè peyi pou rasanble nan vil
Pari :
Nan dat 22 desanm 1992, Nazyonzini admèt 17 òktòb,
Jounen Mondyal
pou n desitire lamizè
kom « « Jounen Intènasyonal
pou elimine povrete». ». Nazyonzini gen konsyans se yon
nesesite pou n mete yon pwen
final nan zafè povrete san limit
sa a.« lè w pa posede anyen, yo pa konsidere w tankou moun. Ou pa konte pou anyen. Gen yon pil ak yon pakèt moun sou tè a k ap troke kòn chak jou ak sitiyasyon ki bay kè tounen tankou grangou, inyorans, ak tout lòt bagay ki fè moun soufri, m pa kap sipòte sa ankò ! Gen anpil moun ki revolte kont bagay sa yo, men yo rete bouch fèmen : « sa m bezwen pale fè ? ki yès k ap bay pawòl mwen valè ? »
Anpil sitwayen montre volonte yo genyen pou mete yon pwen final nan zafè « gwo k ap kraze piti », nan zafè prejije ak mepri ki ankouraje lamizè. Kalamite sa a prezan nan tout soyete, li se yon danje pou lapè anndan peyi yo, e ant peyi ak peyi. Toutotan batay kont lamizè pa chita sou eksperyans, panse ak patisipasyon moun k ap fè fas kare ak li san pran souf, nou p ap gen rezilta ki va dire. Se timoun ki pa gen avni ; se jèn ki oblije travay di pou granmèsi pou yo pa mouri, oubyen ki rèt de bra balanse san fè anyen ; se fanm ak gason yo pa sispann imilye, se fanmi grangou ak laperèz ratibwaze, ki oblije kouri pasipala ak kè sote. Pou diyite nou tout respekte, nou bezwen solidarite sitwayen tout plim tout plimay, tout kondisyon, tout konviksyon oswa kwayans, k ap desitire chak jou pi plis kokenchenn injistis sa yo.
« Kote moun kondane pou yo viv nan lamizè, Dwa Moun pa respekte. Tèt ansanm pou sa chanje, se yon devwa sakre»
Chak 17 òktòb, se mo sa yo ki anime yon pakèt rasanbleman san kè
sote ak anpil aksyon solidarite. Se mo sa yo ki motive patisipasyon
moun k ap viv nan lamizè ak sosyete yo mete sou kote. Jounen sa
ranfòse kouraj sila yo k ap fè fas kare ak sitiyasyon ki pa posib, pou
yo pa sispann desitire lamizè, pou yo pa fè bèk atè, pou yo kenbe
fèm.
17 òktòb la mobilize tout kalite moun, moun tout kalite pwofesyon
pou rebati demokrasi nou yo, li chanje fason nou panse, fason nou
aji, fason nou viv ansanm ak sila yo nou mete sou kote.









