logo oct 17
titre
date17oct

envoyer ami

envoyer ami aide

Kouman w rele 
Ladrès limèl ou 
envoyer ami nom 
envoyer ami email 

Gen yon mesaj, yon komanté pou di ?

Recopiez ce code :



 

Priyè inivèsèl

Messe du 17 Octobre 1987, Cathédrale Notre Dame de Paris Père Joseph Wresinski

Pou milyonven timoun sa yo
Doulè grangou ap kòde trip yo,
San yon souri lespwa nan figi yo,
Malgre sa yo vle kontinye renmen.
Pou milyonven jèn sa yo,
Malgre yo san rezon pou yo kontinye kwè,
Pou yo kontinye viv,
Y ap chache san yo pa jwenn li yon demen miyò
Nan monn tèt anba sa a.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou milyonven gason, fanm ak timoun
Kè yo kontinye ap bat fò pou lit la,
Lespri yo revòlte kont move lavi ak enjistis yo enpoze yo,
Kouraj yo ekzije dwa pou diyite yo,
Yon diyite ki pa ka mezire.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou milyonven timoun, fanm ak gason
Ki pa vle bay madichon,
Men ki pito renmen, ki pito lapriyè,
Ki pito travay epi met tèt ansanm,
Pou yo gen yon lòt tè,
Kote youn ap ede lòt, youn reskonsab lòt.
Yon tè, tè pa nou,
Kote chak moun ap bay tou sa yo genyen nan yo
Avan yo mouri.

Tanpri Papa voye travayè pou ranmase rekòt ou a.

Pou tout moun k ap lapriyè
Se pou Bondye tande vwa yo pandan y ap resevwa pisans li
Pou bat chalbari dèyè lamizè k ap kraze kretyen vivan
Ki se pòtre ak Bondye.

Tanpri papa voye travè pou ranmase rekòt ou a.

 
signataires vip


Tout versyon pou atik la :
Kréyòl (Péyi Dayiti)
Deutsch English Español français italiano Português

http://www.oct17.org/site/spip.php?page=article