de en fr nl es pt it crh crm

 

                     

Jounen mondyal kont lamizè - 17 oktob
   Powèm pou chante pòv toupatou depi toutan gen tan


Milyonven
Timoun, fanm ak papa pitit
Ki mouri nan mizè, nan grangou,
Se nou jodi a ki eritye yo.
O sila yo ki yè ankò te vivan,
Si jodi a, mwen pran lapawòl,
Se pa pou mwen pale sou lanmò nou,
Se jan lavi nou te ye mwen vle rakonte.

M ap pale de nou menm,
Latriye manman ki konnen pitit yo
Kondane pou ret nan lamizè, 
Wa di yo twòp pou tè a.
M’ap pale pou pitit nou yo
Doulè grangou ap tòdye,
San yon souri lespwa sou figi yo,
E poutan, se ak tout nanm yo,
yo chèche renmen.

M ap pale pou tout kantite jèn
Malgre yo san lespwa,
San rezon pou yo kontinye kwè,
Pou yo kontinye viv,
Y ap lite kanmenm pou yon denmen miyò
Nan monn tèt anba sa a.
M ap pale pou pòv ayè
Ak pòv jounen jodi-a
Ki pèdi nan kat chimen,
Kap sove kite yon kote pou yon lòt,
Nan chèche lavi.
Pòv yo meprize, pòv yo rayi,
Travayè san metye
Doulè ak fatig travay di ap kraze,
Travayè de bra pandye
Ki pap levet ni lou ni lejè.

M ap pale de nou menm,
Milyon gason, fanm ak timoun
Ki malgre tout tray,
pran kè pou goumen ak lavi a,
Ki revòlte kont  enjistis y ap sibi depi lontan.
Kouraj moun sa yo ekzije dwa pou diyite yo,
Yon diyite san mezi.

M ap pale de nou menm,
Timoun, fanm ak gason
Ki pa vle bay madichon,
Men ki pito renmen, fè lapriyè,
Travay e met tèt ansanm,
Pou n gen yon tè
Kote youn ede lòt, youn responsab lòt,
Yon tè ki tè pa nou
Kote tout moun va fè tout sa l kapab
Pou l vin pi bèl avan l mouri. 

M ap pale de nou menm,
Gason, fanm ak timoun.
A pati jodi a kè nou, men nou
Zouti nou grave non nou,
Pou tout tan sou plas libète a.
M ap temwaye anfen pou lèzòm fin pa pran
kretyen vivan an konsiderasyon,
E refize nèt al kole
Lamizè kou yon malediksyon,
kou yon chatiman,
kou yon bagay moun pa kab chanje.

            

               Père Joseph Wresinski
                   17 oktòb 1987